« Medam yo an-ra-je ! »

Sòti sou medam Lig Feminin Aksyon Sosyal pou ri[i]ve nan « nouvèl vag » jounen jodi a, se menm koze : kritik yo pa sispann eseye diskalifye mouvman fanm yo. Sa pat janm anpeche medam yo kontinye brave danje, òganize tèt yo, kontinye batay, kont yon sistèm ak yon politik matchis. Gras ak rezilta medam Lig yo, jenn feminis alèkile yo ankouraje kontinye peze maleng nan.

Okenn nan viktwa mouvman fanm nan pat janm pa gratis, soti sou medam Lig Feminin Aksyon Sosyal yo an 1934, pase pran vag mouvman feminis 1986 yo, pou rive sou nouvèl jenerasyon feminis peryòd 2000 yo… 

Menm jan ak tout peyi nan mond lan, mouvman feminis lan nan peyi dayiti sibi anpil kritik. Anpil nan kritik sa yo pèmèt medam yo remete an kesyon sa ki mache, sa ki pa mache. Men pifò nan kritik yo fèt pou detwi mouvman an, kòm kwa li pa gen rezon dèt tout bon vre. E kritik sa yo pa epanye okenn peryòd. Si nou pran peryòd mouvman medam Lig yo, anpil moun t ap di « se te yon mouvman elit, yon mouvman fanm laboujwazi, talon kikit dyòl dore ». Rive sou vag feminis peryòd 86 yo, yo kontinye di se mouvman madivinèz k ap regle. Sa te rasinn anpil fanm nan sektè a pè afiche tèt yo kòm feminis, menm si yo te ankouraje batay k ap mennen anndan mouvman an. Gen kritik tou ki te di : « medam sa yo pa ateri, yo pa rive sou fanm peyizàn yo, ni sou fanm ki nan faktori yo », malgre gwo travay plizyè nan yo t ap fè nan domèn nan. Anpil lòt kritik, sitou nan klas politik yo, t’ap di « medam yo pa asire relèv la », paske yo estime fanm yo pa sipòte yo ase nan batay nan eleksyon ; yo konsidere mouvman feminis lan tankou yon mouvman ki separe de rès batay peyi a. Menm genyen ki mande kisa feminis yo regle pou ekip fanm ki o chomaj oswa patwon ap eksplwate yo.

Ann gade pi pre idantite ak aksyon twa vag feminis yo nan mouvman fanm nan, pou nou konprann kijan pi fò kritik sa yo pa kanpe sou anyen apa de ignorans ak volonte pou diskalifye mouvman an

 1934 : Lig Feminin Aksyon Sosyal

Se depi nan lane 1934 yo, medam Lig yo te lanse mouvman fanm nan seryezman. Se jis sou sèz lane apre, an 1950 medam yo te rive rache dwa pou yo vote. Men li enpòtan pou n di desizyon sa a te sitou rete sou papye paske nan pwen anpil fanm ki te konnen yo te gen dwa sa, epi sosyete a pat prepare ase non plis pou l antre nan nouvo dinamik sa a. Sosyete a pat fè travay li pou desizyon sa a ateri tout bon. Sa k pi dwòl la, se jouk eleksyon 1957 la medam yo te dwe tann pou yo te ka al vote. Medam Lig yo te kontinye denonse anpil move pratik fanm ap sibi, tankou sosyete a te derefize rekonèt fanm yo kòm grandèt majè, menm lè yo te nan yon relasyon plase oswa marye ak yon gason. Lig la te òganize edikasyon sivik ak konferans pou fanm yo nan tout rakwen peyi a, kou diswa pou fanm kap travay nan faktori yo, epi revandikasyon pou yo te touche menm jan ak gason pou travay yo t ap fè a (Côté, 2014). Malgre peryòd trant lane diktati Duvalier yo (1957- 1986) pral kase ren mouvman medam yo, yo pat rantre nan laperèz nèt, yo kontinye mobilize, epi denonse nan pwòp jounal pa yo ki te rele « La Voix des femmes » tout move pratik diktati a. Medam sa yo te peye ak san yo, ti kras libète nap jui jodi a la a. Pami fanm sa yo, nou ka site Yvonne Hakim Rimpel. Medam yo, sa ki pat pase anba lanmò ak tout lòt kalte maltretans, te batay jouk rive nan fen peryòd diktati a.

1986, yon dezyèm vag Feminis pral afiche

An 1986, revòlt pèp la ansanm ak patisipasyon mouvman fanm yo rive kwape diktati a nan peyi a. Fanm ayisyèn yo te deside kole zepòl ak mesye yo pou redrese bak peyi a. Medam yo te wè byen bonè pwoblèm espesifik fanm yo pa enterese pèsonn nan kad batay kolektif la ; se konsa feminis ayisyèn yo te rekòmanse mobilize sou tout plas piblik, nan tout komin ak depatman peyi dayiti pou fè tande vwa ak revandikasyon yo. Medam yo mete kanpe plizyè òganizasyon pandan peryòd 1986 la, pami yo nou jwenn Kay Fanm, Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), Enfofanm, Fanm Deside, Mouvement des femmes haitiennes pour l’éducation et le développement (MOUFHED), epi Centre de promotion des femmes ouvrières (CPFO). Pita, nou pral vin jwenn Fanm Solèy Dayiti, AFASDA nan Nò, Fanm Deside nan Jakmèl ak Fanm Yo La nan Pòtoprens tou. Chak òganizasyon sa yo t ap defann yon kòz espesifik : genyen ki t ap travay sou koze vyolans sou fanm ak tifi, gen lòt ki t ap batay pou patisipasyon fanm yo ak entegrasyon yo nan desizyon k ap pran nan peyi a, gen lòt ankò ki te nan domèn kominikasyon, dokimantasyon ak defans dwa fanm sou yon pakèt sijè. Sou kesyon vyolans lan menm, te toujou gen yon gwo chenn solidarite ant tout òganizasyon yo pou konbat fleyo sa a nan kat pwent peyi a. Sou koudeta 1991 lan, mouvman an pran gwo frap : vyolans sou fanm ak kadejak tounen yon zam politik nan men militè ki nan pouvwa a. Apre koudeta a, Komisyon Verite ak Jistis tabli lis krim medam yo sibi, men gouvènman an pa fè okenn swivi sou sa. Se pou sa medam yo t ap al travay pou monte yon tribinal entènasyonal espesyal sou vyolans sou fanm ki rive fèt an 1997. Se depi nan travay sa a, medam yo te kòmanse denonse, aji, epi pwopoze yon seri chanjman nan anpil lwa diskriminatwa. Nou pral pale de lwa sa yo talè.

Nan kòmansman ane 2000 yo, se òganizasyon medam yo ki te denonse an premye gouvènman òlalwa Aristid la, malgre tout kalite presyon ak represyon tout sosyete a t ap sibi. Yo pat fè bak devan tout menas ak zak vyolans chimè t ap fè sou yo, tankou : voye boutèy pipi sou yo, joure yo, atake yo, menase fanmi yo, di yo gwo betiz degradan, imilyan nan tout manifestasyon, sitin, mach pasifik, karavàn yo te òganize pou rele chalbare dèyè gouvènman òlalwa a.

Apre depa Aristide an 2004, medam yo rale yon ti souf. Kounya yo pral goumen kont enpak enjerans entènasyonal la genyen sou mouvman an. Pa egzanp, èd amerikèn nan pral debalanse mouvman. Lap refize kore oganizasyon ki ap travay nan planing familyal e ki ta nan lit pou legalizasyon avòtman ke pi fò feminis t ap defann sou prensip chak fanm gen dwa gen kontwòl pwòp kò l. Yon lòt egzanp pwoblèm medam yo tap konfwonte ak entènasyonal la, se vyòl solda Minustah yo tap fè, pa sèlman sou medam ayisyèn yo, men sou tifi ak gason tou. Batay medam yo te mennen te pèmèt plizyè kontenjan jije devan tribinal militè peyi pa yo (Côté, 2014).

Pifò travay medam yo pral abouti an 2005 ak an 2006 avèk Adeline Magloire Chancy nan tèt Ministè kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan. Pami chanjman yo pote, genyen nouvo lwa ki konsidere vyòl kòm yon krim e ki bay kadejakè 10 lane prizon pou pi piti. Genyen yon pakèt dispozisyon nan kòd penal la nan kad adiltè ki te pini fanm yo pi rèd pase gason yo ki abwoje[i]. Lwa sou patènite responsab ak filyasyon an ki pèmèt tou de paran yo pran responsablite yon timoun lè l fin fèt. Lwa sou travayèz domestik yo, ki dwe jui tout privilèj yon moun kap travay kòm sa dwa. Epi lwa ki fè sosyete a konsidere timoun ki fèt nan maryaj oswa nan plasaj kòm moun, ak tout dwa ak sitwayènte yo genyen. Apre yon kòlòk entènasyonal sou sitwayènte fanm ayisyèn ki te fèt an 2005, prensip kota pou ta genyen pou pi piti trant pousan fanm sou sèn politik la entegre lwa elektoral 2006 la. Men jouk jounen jodi a, gen anpil moun ki konsidere yon fanm ayisyèn ki kandidat pou nenpòt ki pòs politik, kòm yon fanm ki gen anpil odas, oswa yo deja wè li pèdi davans.

Apre tranbleman de tè 2010 ki mete peyi dayiti ajenou an, anpil avanse ak opòtinite sanse febli nan peyi a, e li pa fasil pou yo reprann pye

Mouvman fanm yo pran gwo frap nan katastwòf 12 janvye 2010 lan nan diferan nivo. Yon kote, plizyè lidè nan mouvman an te pèdi lavi yo, tankou Magalie Marcelin, Miryam Merlet, ak Anne-Marie Coriolan, pou n site moun sa yo sèlman. Yon lòt kote, fason èd entènasyonal apre katastwòf la te jere, te agrave sitiyasyon òganizasyon medam yo. Se òganizasyon entènasyonal yo ki te jere dirèkteman tout finansman, ekzekite dirèkteman tout aksyon, epi trete òganizasyon lokal yo tankou fo patnè, ou byen pretèks pou jere ajenda pa yo. Mouvman fanm lan te pran yon frap senbolik tou nan fason èd la te mache a. Jan sistèm èd la fonksyone te kraze fòs politik medam kòm siwayèn. Li t ap fè pwomosyon imaj fanm tankou senp viktim, ou byen itilize medam yo tankou relè pou èd la pandan l ap pran woulib sou senbòl fanm kòm « potomitan » sosyete a.

Nouvèl Vag

Nan de denyè deseni yo, anpil jèn feminis pran inisyativ poze pyon pa yo nan batay sou dwa fanm yo, anplis de òganizasyon dezyèm vag la ki kontinye travay. Pami inisyativ sa yo, genyen Kolektif Fanm Inivèsitè, Rassemblement des femmes universitaires d’Haïti (RAFUH), D’elles Féministe, Rezo Fanm Kapab Dayiti (REFKAD), Nègès Mawon, Sanpousan Fanm, Centre de Recherche et d’éducation en Genre et Développement (CREGED) pou n site sa yo sèlman. Ladan yo genyen k ap fè kèk aksyon nan sektè inivèsite a, genyen tou ki bay tout moun ki enterese sou pwoblematik la lapawòl. Genyen k ap mete sosyete a fas a fas ak yon seri aksyon reyèl, anòmal k ap degrade fanm, ke anpil moun ignore, men k ap pase chak jou anba je tout moun. Genyen tou ki itilize yon apwòch ki eseye mete tou de sèks yo ansanm, epi ede yo defini yon pi bon rapò antre yo nan lide pou kwape anpil vye prejije ki pa mennen pyès kote ; sòti nan chwa metye ak pwofesyon rive nan chwa pou moun viv jan yo santi yo byen san enfliyans sosyal yo.

Men fòk nou di, menm jan pou ansyen yo, batay jenn feminis yo pa fasil, anpil pikan kwenna kontinye drese sou pasaj yo

Kalfou a pou nou de

Nan mwa Jiyè 2016 la, lè òganizasyon feminis Nègès Mawon lanse festival « Feminis : Poukisa ? » a nan tèt kole ak kèk lòt feminis, wounou wounou sou koze egalite fanm ak gason an pran van. Van sa a kòmanse pran fòs, joukli deklannche yon tanpèt nan mach atistik medam yo te fè nan festival la. Jèn medam sa yo t ap defile ak pankat tout kalte tout koulè nan men yo. Pankat yo t ap denonse okipasyon espas piblik la, sa yo rele salon pèp la. Lari a, espas piblik la, se kote gason rete mèt beton an, se kote gason rele fanm yo jan yo vle, di yo sa yo vle, pale epi fè ‘’blag’’, pase nan rizib sou kò yo jan yo vle. Mache nan lari, pou kelkeswa laj fanm nan, kelkeswa jan li abiye rete yon gwo defi. Yon defi sosyete a jere tankou yon banalite alòske se yon soufrans pou anpil fanm. Pandan mach atistik sa a, tout moun, fanm sitou gason, ta pral dekouvri nan yon lapleyad pankat, repons, pawòl, ak ekspresyon fanm yo ap sibi chak jou, anba bouch mesye yo sou beton an. Jenn feminis yo lanse yon batay pou pataje espas piblik ak mesye yo : kalfou a pou tout moun ! Anvan yon bat je, rezososyo te kouvri ak kritik tout koulè tout kalte, epi anpil jouman sou do jenn feminis sa yo. Lari a te konsidere yo kòm « anraje ».

Si jodi a…

Jounen jodi a, gras ak tèt ansanm epi anpil efò, medam yo fòse sosyete a chanje anpil bagay. Anpil moun tankou enstitisyon kòmanse dakò kesyone relasyon ki ekziste nan mitan fanm ak gason, epi konprann defi bòn relasyon fanm ak gason reprezante pou sosyete a. Jodia anpil enstitisyon entegre fanm nan kèk pratik ki te tradisyonèlman rezève pou gason. Anpil fanm, jèn tifi ak gason tou koupe fache ak yon bann prejije ki ekskli fanm sou yon seri opòtinite yo te ka jwenn.

Menm jan ak tout mouvman sosyal, mouvman feminis lan dwe sibi kritik. Kritik yo ka fèl fè bak, men yo ka pèmèt li evolye tou. Kritik yo pa ka detui l. Se pou sa, tout inisyativ fanm yo dwe kapab mete ansanm pou trese yon mouvman feminis ayisyen ak plizyè jenerasyon, avèk tout diferans ideyolojik yo kapab genyen, pou yo pi fò, pi solid, nan yon veritab koyezyon pou y ale pi lwen, pi vit.

Sur l’étagère numérique

  • Denyse Côté, « Anpil fanm tonbe, N’ap kontinye vanse : luttes féministes en Haïti », revue Possibles, Eté 2014.
  • Eunide Louis, « Violences faites aux femmes en Haïti : État des lieux et perspectives » : http://www.haiti-perspectives.com/pdf/2.3-violences.pdf
  • Marie Frantz Joachim, « Mouvement féministe haïtien : Esquisses de bilan et perspectives » in AlterPresse, 7 mars 2007.
  • Adeline Magloire Chancy, « Un tournant dans la philosophie pénale haitienne », AlterPresse, 23 juillet 2007.

1. Anvan dekrè 6 juillet 2005 lan, Kòd Pénal la te di nan atik 285 : “La femme convaincue d’adultère subira la peine de l’emprisonnement pendant trois mois au moins et deux ans au plus.- Le mari restera le maître d’arrêter l’effet de cette condamnation en consentant à reprendre sa femme.” Pou mesye yo, li te diferan: “Art. 287.- Le mari qui aura entretenu une concubine dans la maison conjugale, et qui aura été convaincu sur la plainte de sa femme, sera puni d’une amende de cent gourdes à quatre cents gourdes.”

 

Texte : Evelyne Sylvain